A Pwopo Jaden Gaming
Misyon Nou 🇭🇹
Jaden Gaming se premye platfòm jwèt videyo edikatif ki fèt 100% pa Ayisyen, pou Ayisyen. Nou kwè ke aprantisaj pa dwe raz. Misyon nou se melanje kilti nou, lang nou, ak teknoloji modèn pou kreye eksperyans inik.
Avèk jwèt tankou "Moto Mèt", nou vle montre jèn yo ke yo ka amize yo pandan y ap devlope reflèks yo ak konprann enpòtans pwoteje anviwònman an (evite fatra nan lari a).
Ekip La 👨💻
Nou se yon ekip pasyone de teknoloji ki baze an Ayiti. Nou itilize dènye zouti tankou Next.js, React, ak Supabase pou ofri yon eksperyans rapid ak likid, menm sou entènèt ki pa twò rapid.